alaminuteinfo.com
2 août 2026Version complète du site
Version complète
A LA MINUTE

EDH pwomèt tout Ayisyen y ap pase fèt fen ane a nan limyè

Mackendy Filderice1 min de lecture

Elektrisite Ayiti (EDH) fè konnen travay elektrifikasyon sou tout teritwa nasyonal la rive nan 90% avansman li. Deklarasyon sa a te fèt nan yon mesaj ki pibliye sou kont X ofisyèl konpayi an.

Nan mesaj la, EDH fè konnen majorite komin yo deja benefisye elektrisite, pandan y ap kontinye travay pou garanti tout Ayisyen pase fèt fen ane a “nan limyè”.

“Travay nou deja rive 90% sou tout teritwa nasyonal la. Tout Ayisyen nan tout kwen peyi a ap gen chans pase fèt fen ane a nan limyè, anpil komin deja klere,”, EDH ekri.

Deklarasyon sa a montre angajman enstitisyon an pou amelyore aksè ak elektrisite, yon bezwen esansyèl pou devlopman ekonomik ak sosyal Ayiti. Pandan anpil komin konfime yo deja santi amelyorasyon, gen lòt ki toujou ap tann travay yo rive lakay yo.

Popilasyon an swete travay sa a bay yon rezilta dirab, kote tout komin ap kapab gen aksè regilye ak yon rezo elektrik ki estab ak efikas. EDH, bò pa li, mande tout Ayisyen kontinye sipòte efò sa yo pou yon Ayiti ki gen plis

Publié par

Mackendy Filderice

Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.

Voir tous ses articles →

À lire aussi

A LA MINUTE

Haïti: Quand ceux qui ont les moyens partent en avion, ceux qui n’ont que la peur doivent attendre la mort

A LA MINUTE

Il ne faut pas minimiser le rôle de la corruption dans la situation sécuritaire actuelle

A LA MINUTE

Vol d’essai de la compagnie IBC Airways à l’aéroport Antoine-Simon

A LA MINUTE

Signature d’un protocole entre le gouvernement et la compagnie Sunrise pour les vols domestiques