samedi 1 août 2026
INSOLITES 1 min de lecture

Kodak Black ap detann li ak grann li

Nan yon videyo sou kont “Twitter No Jumper” jounen ki te 27 jiyè a, nou te remake rapè ameriken ki gen rasin li an Ayiti ki pote non Kodak Black ak grann li ki t ap pran detant yo, atis la t ap fimen epi granma t ap pran ti tabak li, yo te menm rive pataje ansanm.

Videyo sa, ki sanble sòti depi sou estati atis la, gentan gaye kò l sou tout rezo Twitter a, li montre Kodak ansanm ak grann li ki tap pran plezi yo, ki t ap fimen… men èske se bòz jan kèk nan nou ta vle kwè sa ?

https://twitter.com/nojumper/status/1552350472601624577?s=20&t=m2wtBPyTd8SlDLpwdRPnow

Granmoun lan reyèlman fè kèk rale ak pitit pitit li Kodak, men se ta yon siga ki pote non Black & Mild, menm jan granmoun la ki t ap pran tabak te pase Kodak Black kèk priz. Nenpòt jan yon moun ta vle konprann sa, li toujou bon pou timoun yo ak granmoun yo pase bon tan ansanm